PNH mete klarifikasyon sou rans ki fè kwè li deja depanse 177 milyon goud kont gang yo.
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) bay yon nòt ofisyèl mèkredi 23 jiyè 2025, pou reponn ak fo enfòmasyon ki fè kwè li ta deja depanse 177 milyon 130 mil goud nan operasyon kont gang ame yo.
Direksyon Jeneral Polis la demanti sa e li presize ke pa gen okenn lajan ki dekese pou li nan 4 dènye mwa yo.
Dapre DGPNH, kantite lajan sa a se sèlman 65% sou yon bidjè previzyonèl total ki se 272 milyon 323 mil 800 goud, ki te apwouve 18 jiyè 2025. Malgre sa, enstitisyon an di li an dèt, paske li pa jwenn okenn finansman reyèl depi plizyè mwa.
Jouk jounen jodi a, pa gen okenn chèk ki ekri sou non PNH, selon nòt la.
Polis la denonse rimè k ap sikile sou rezo sosyal ak nan kèk medya, li rele sa manti ki domaje kredibilite PNH. Daprè li, se akizasyon san baz ki vize sal imaj ak estabilite enstitisyon an.
Antretan, pandan lane fiskal la ap fini nan mwens pase twa mwa, PNH sèlman resevwa 65% nan bidjè ki te apwouve. Yon sitiyasyon ki grav, lè nou konnen polis la ap fè fas ak mank pèsonèl, mank ekipman, ak ogmantasyon aktivite gang yo nan plizyè rejyon tankou Ouest, Centre ak Latibonit. Vyolans sa yo lakòz yon nouvèl vag deplasman entènn, e sa rann li pi ijan toujou pou mobilize resous nesesè yo.