Arestasyon Nenel Cassy: DCPJ Mete Men sou Chèk Milyonè nan Yon Otèl!
Pòtoprens, Ayiti – Dosye ansyen senatè Nenel Cassy a pa sispann ap fè bri! Apre arestasyon li ki te fèt dènyèman, DCPJ (Direksyon Santral Polis Jidisyè) kontinye fouye pi fon nan ankèt la epi li frape fò: pandan yon perquizisyon yo fè nan yon otèl ki chita Delmas 40B kote yo di Cassy te konn frekante regilyèman otorite yo dekouvri plizyè dokiman ki mete limyè sou posib zak koripsyon.
Dokiman ki fè anpil bri
Nan dosye yo jwenn yo, gen kopi kèk chèk ki sòti nan Trezò Piblik la, ki te fèt sou non Kès Asistans Sosyal (CAS) yon enstitisyon ki fèt pou ede popilasyon ki pi vilnerab yo. Men, sa ki fè moun souke tèt yo, se valè chèk yo ak dat yo.
Dapre DCPJ, de (2) chèk espesyalman atire atansyon yo, paske yo te fèt 18 jiyè 2025:
-
Youn se 7,315,000 goud
-
Lòt la se 3,582,750 goud
Sa bay yon total jeneral de 10,897,750 goud.
Sispèk sou detounman fon piblik
Dekouvèt sa yo mete plis presyon sou Nenel Cassy, epi ranfòse sispèk ki deja egziste sou posib detounman fon leta. Fwontyè ant politik, magouy ak gang deja trè flou an Ayiti; dosye sa a mete limyè sou yon reyalite ki kontinye ap gangrène sistèm lan.
Lajistis ap kontinye fouye
Dapre otorite yo, ankèt la rete ouvè, sa vle di plis perquizisyon ak arestasyon kapab fèt nan jou kap vini yo. Plizyè lòt non ta ka parèt, e jistis la kapab mete men sou plis prèv ki konekte chèk sa yo ak mouvman lajan ki fèt san otorizasyon.
Ki sa sa vle di pou pèp la?
Pandan pèp ayisyen ap soufri anba lavi chè, ensekirite ak mank sèvis sosyal, nouvèl sa yo soulve kòlè ak fristrasyon. Kijan lajan ki fèt pou ede pèp la ap fini nan men politisyen? Èske lajistis pral ale jis kote li dwe ale? Pèp la ap gade.